APLIKASYON ANDROID
Klik Lakay Vandè
Pwodwi, stock, pri ak kòmand boutik ou, depi sou telefòn ou.
Telechaje APK 1.0.1 Android 8.0 oswa pi resan Entènèt nesesè
Vèsyon 1.0.1 · 24.5 KB · 17 oktòb 2026Premye vèsyon pou teste sou telefòn Android.
Enstale epi konekte
- Telechaje APK a sou telefòn Android ou.
- Ouvri fichye a nan Downloads / Telechajman. Si Android mande sa, pèmèt aplikasyon ki ouvri fichye a enstale APK a.
- Peze Enstale / Mete ajou, apre sa Ouvri. Si vèsyon 1.0.0 la deja enstale, mete ajou sou li; pa retire aplikasyon an.
- Konekte ak pwòp kont vandè Klik Lakay ou. Si ou deja gen yon kont, itilize menm imel ak modpas la.
- Nouvo vandè ranpli demann yo epi tann apwobasyon administratè a anvan yo ka ajoute pwodwi.
Aplikasyon vandè a ak aplikasyon chofè a enstale apa.
Biznis pa ou, anba kontwòl administrasyon an
Vandè a jwenn pwodwi, stock, pri, kòmand, fich preparasyon, kalkilatris ak rapò pa li. Administrasyon an kontwole apwobasyon ak sispansyon. Kont administratè a rete apa.
Foto pwodwi, eskanè kamera, chwa plizyè foto, enpresyon / sove PDF ak ekspòtasyon finans itilize sèvis Android yo. Kamera mande otorizasyon lè ou bezwen li.
Enfòmasyon vèsyon an
Pake: com.kliklakay.seller · Vèsyon: 101
SHA-256 APK
cd8ae44d7284f0ce09cf69fc2dfc143260368564b12fadf05f5dcaa20f75285cSiyati
fd9b95af16cf1294531d145116aaeacb06a56a6898f930a658a29d071cdb8d1e